Uploads from SE BONDYE KI BONDYE

Watch and track your favorite playlist.

Curated by: SE BONDYE KI BONDYE (509 videos)


Currently Playing: Efase ERREUR Bitasyon w. Me kòman pou w efase erè bitasyon w

Priyè pou w EFASE PECHE BITASYON OU : ​" Nan nom Gran BonDye-a, mwen bese tèt mwen devan nou, zansèt mwen yo, espri bitasyon m yo. Nou menm ki te travay, ki te travay epi abite sou tè bitasyon sa a, mwen vin rele nou jodi a. ​Mwen rekonèt mwen te mache lwen. Mwen rekonèt mwen te bliye kote lonbrit mwen antere, mwen te neglije devwa m ak memwa nou. Mwen rekonèt mwen te fè dezòd nan bitasyon an. Mwen mande nou pardon ak tout nanm mwen. Mwen mande pou nou retire kòlè, blokaj, ak malediksyon ki te tonbe sou mwen ak sou fanmi m akòz erè mwen. ​Zansèt mwen yo, aksepte ti dlo sa a, aksepte ti limyè sa a. Layite benediksyon ak padon nou sou mwen ankò, efase peche nou, ouvè chemen m, pwoteje m, epi kite m retounen nan lagras ak nan aliyman fòs tè bitasyon an. Ayibobo, Asè."


Tracks in this Playlist