Watch and track your favorite playlist.
Curated by: SE BONDYE KI BONDYE (509 videos)
Me Priyè-a : " Nan nom Bondye kap guidé espri ginen yo, nan nom tout zansèt méritan ki te mache sou tè sa e ki kite konesans, fòs ak sajès pou nou, mwen salye limyè Pleine Lune sa a k ap klere lannwit 30 Jen an, menm jan lalin sa a klere nan fènwa, mwen mande pou limyè zansèt meritan mwen yo klere chemen mwen, pou netwaye kò m, netwaye lespri m, chase tout vye lonbraj ak move enèji ki dèyè m. Mwen mande pou lalin sa a pote fraîcheur nan lavi m, nan fanmi m, ak nan travay mwen. Nan dènye jou nan mwa a e 1er jou nan nouvo mwa-a, mwen kite dèyè tout sak te lou, tout sa k te bloke m. Epi mwen louvri 2 bwa m pou m resevwa benediksyon, sante, ak benediksyon enèji zansèt yo ak pleine lune sa." Mèsi Bondye Mèsi zansèt meritan mwen yo. Abobo, Amé, Bilolo!