Watch and track your favorite playlist.
Curated by: SE BONDYE KI BONDYE (509 videos)
Priyè Salomon an : " Mwen swete e mwen rekonèt ou, Gwo Bondye zansèt mwen yo, kreyatè kyèl la ak tè a, ou menm ki te fè yon alyans ki p'ap janm fini ak zansèt meritan mwenyo, e ki mete jistis sou fotèy ou a, koute lapriyè sèvitè w la jodi a. Seyè, ou mete m wa sou gwo pèp sa a, men mwen se yon timoun nan domèn sajès. Ou mete m sou tè a se vre, men jodi-a mwen vin mande w sajès pou m viv byen. Pa ban m ni richès sou tè a ki ka gate kè m, ni lanmò lènmi m yo, men bay sèvitè w la yon kè ki entelijan epi ki soumèt devan volonte w pou m ka konnen ki jan pou m viv ak moun, pou m konprann sa ki byen ak sa ki mal, epi pou m mache nan limyè ou a. Kite Sajès lespri Sen ou an rete nan lespri m, kite zanj ou yo ak fòs diven ou yo anvayi ak pwoteje lavi m ak lakay mwen ak tout sa k nan mwen. Banm sajès ak pouvwa pou tout lespri inyorans, divizyon, sòsèlri ak fènwa ka soumèt devan m a jamè. Nan nom lespri Sen kap renye sou linivè a, kite lapè, sajès ak pouvwa Bondye pi wo a poze sou mwen pou tout tan. " Amèn. Amèn. Amèn. !