Watch and track your favorite playlist.
Curated by: SE BONDYE KI BONDYE (509 videos)
Mèsi Bondye papa, mèsi gran moun ginen yo, mèsi zansèt meritan ki kouche nan lonbraj tè a. Mèsi pou chak moso pen nou te kase mete nan men m pandan mwa sa, pou chak gout dlo ki te kouri nan gòj mwen, ak pou chak souf mwen te gen chans rale lè lanmò t ap rode otou de mwen. Septanm sa pati ak tout vye chay li yo. Mwen kite tout lapenn, tout move je, tout move flèch, ak tout kriye li te pote sa a nan lavinm. Oh zansèt méritan mwen yo, defansè ki pa janm dòmi, kontinye kanpe avè m, rekonfòte nanm mwen ki fatige. Netwaye m ak sagesse, ak pwoteksyon, ak benediksyon. Kouvri kò m ak dra pwoteksyon nou, pandan mwa sa ap fini pou yon lòt ka rantre. Se pou lespri ginen yo resevwa rèl sa a nan silans nwit sa. Atibon-Legba, louvri chemen an pou lapè. louvri chemen an pou tout sa ki bon. Mèsi pou sa ki te genyen, mèsi pou sa ki pa te genyen. Mèsi pou tout bagay. Amèn. Ago. Abobo, Bilolo.