Watch and track your favorite playlist.
Curated by: SE BONDYE KI BONDYE (509 videos)
Priyè Mistik inivèsèl pou Oktòb la "Nan nom papa, pitit la ak lespri Sen an, nan non tout zansèt ki te mache sou tè sa a ak onè ak respè, nan nom tout mò byenveyan yo. A tout Espri Ginen ki kontwole mwa sa a, mwen rele nou jodi a pou pote m sekou ak pwoteksyon. Pwoteje m kont chak move flèch, konlkt chak move lide, kont chak move ekspedisyon ki fèt nan fè nwa kont mwen oswa fanmi m nan mwa oktòb la. Se pou tout move flèch sa yo retounen jwenn mèt yo. Fè kò m tounen yon miray wòch devan lènmi m yo, rann mwen envizib kont tout move je ak tout move nanm k ap pwonmennen. Se pou fènwa sa a tounen yon limyè pou mwen ak fanmi m. Se pou lajistis Ginen yo blayi sou lavi m. Amèn! Ago Ginen! Respè pou Zansèt méritan yo !"